Aksè a Swen Sante

Kwak Mediked ta dwe kouvri tout sèvis ki nesesè medikalman pou anwole li yo, se souvan pa sa nan ka Florida e sa se akoz twòp restriksyon nan entèpretasyon lwa federal ak desizyon ke pwogram swen ke Mediked jere pran. Kòm rezilta, kèk nan rezidan ki pi vilnerab yo nan kominote nou an tankou timoun ki malad anpil, granmoun ki frèl, ak adil ki andikape anpil, yo refize yo swen sante ak sèvis medikal ki nesesè san merit. Avoka Legal Services reprezante manm frajil nan kominote a pou yo kapab resezwa swen sante yo dwe resevwa.