Dwa Lokatè

Kriz lojman rezonab Sid Florid la byen dokimante. Nan yon ekonomi kote salè yo ba ansanm ak frè lojman ki se youn nan frè lojman ki pi wo nan le mond, lokatè ki nan Konte Miami-Dade ak Konte Monroe ap konfwonte reyalite kriz lojman rezonab rejyon an chak mwa lè pou yo peye lwaye. Kriz la sèlman ogmante ak pandemi COVID-19 la ansanm ak kriz finansyè a ak lwaye nan Miami-Dade ki ogmante 49% ant desanm 2020 a Desanm 2021.  Ogmantasyon derezonab lwaye a sijè dè santèn de milye rezidan lokal a aksyon degèpisman illegal poutèt yo pa peye tout lajan lwaye yo a tan chak mwa.  Reprezantasyon lokatè se yon estrateji ki fè prèv li ki anpeche degèpisman, ak deplasman nan lojman. Ak kriz lojman k ap anpire epi gwo benefis pou kenbe fanmi nan yon lojman, pledwaye Legal Services vital.

Legal Services asiste lokatè ki nan lojman prive, piblik ak lojman ke leta sibvansyone e ki fè fas a degèpiman ak eviksyon illegal, oswa k ab viv nan kondisyon lojman ki grav.