Edikasyon

Elèv ki andikape gen dwa legal pou resevwa sèvis edikasyon ak akomodasyon pou yo kapab benefisye edikasyon yo epi eksperimante rezilta pozitif ki kapab dire lontan. Malerezman akoz lwa edikisayon ki konplèks, paran ak gadyen timoun yo souvan pa konnen kijan pou yo ede ti moun yo resevwa sèvis edikasyon yo bezwen an. Sa espesyalman vre nan Konte Miami-Dade ki se katriyèm pi gwo distri eskolè nan konte a e ki genyen yon biwokrasi edikasyon espesyal ase konplike.  Avoka Legal Services of Greater Miami, Inc. reprezante paran ak gadyen timoun yo pou fè respekte dwa timoun yo genyen pou resevwa yon edikasyon ki apwopriye ansanm ak lòt sèvis ki konsène yo.  Paske elèv andikape yo bezwen pledwaye pandan tout karyè eskolè yo, ki tipikman ale jiska 21 lane daj, Legal Services fòme paran tou, gadyen, ak founisè yo sou kijan pou yo fè pledwaye pou timoun yo, epi jwenn rezilta pozitif bonè bonè anvan pwoblèm yo vin pi konplike epi mande èd yon avoka.    

Kontakte nou pou èd legal si ou se paran oswa gadyen yon ti moun ki bezwen sèvis edikasyon espesyal nan Konte Miami-Dade oswa Konte Monroe.