Kontribiyab ki pa gen Anpil Revni

Plis pase 40% nan tout odit Sèvis Kontribisyon (IRS) se odit kontribiyab ki fè reklamasyon Kredi Taks sou Revni Travay (EITC), pi fò ladan yo touche mwens pase $20,000 pa ane. Men sepandan, kontribiyab sa yo ki pa touche anpil kòb yo konte sèlman pou 3% tout revni taks ki pa peye. Odit sa ki gen yon pwopòsyon ki pa balanse ditou poze yon defi pou fanmi ki depann de lajan taks yo pou kouvri bezwen yo.

Pou plis pase 20 lane, Legal Services reprezante kontribiyab ki pa touche anpil lajan pou rezoud koze pwoblèm taks, epi edike yo sou dwa ak responsabilite yo nan koze taks. Legal Services abityèlman founi reprezantasyon nan koze EITC, reklamasyon pou konjwen inosan/blese, ekzansyon ak rediksyon, ansanm ak poze sele pou koze taks. Sèvis yo enkli negosyasyon ki debouche sou òf an konpwomi, ansanm ak nan Tribinal Taks peyi Etazini. Legal Services travay ak lòt òganizasyon kominotè pou esponsorize Seyans Enfòmasyon pou Koze Taks ak Seminè Edikasyon sou Koze Taks nan tout Konte Miami-Dade.