Lè ou se yon pwopriyetè kay

Rèv Ameriken an pou w posede kay pa w se youn nan mwayen ki pi komen tou pou fanmi konstwi richès. Men sepandan, anpil fanmi pèdi rèv yo ansanm ak richès fanmi yo lè yo fè fas a yon kriz: Ogmantasyon nan depans andedan fwaye a, pèdi yon travay oswa pèdi nan lè travay, Maladi, Lanmò, oswa menm yon Siklòn. Avoka Legal Services prepare pou yo ede menm si se a la dènyè minit, yo pare pou ede kliyan nou yo sove kay fanmi yo. Sa gen ladan li defans kont poze sezi, koze taks, Poze sezi Asosyasyon Pwopriyetè Kay oswa kondo, aplikasyon pou fayit Chapit 13 pou restriktire dèt, asistans apre siklòn ak FEMA ansanm ak reklamasyon asirans.