Pwoteksyon Konsomatè

Sid Florid la se kapital fwod Amerika. Anpil rezidan sibi biznis k ap fè magouy. Anpil ladan yo konfwonte pwoblèm finansye lè yo antre nan aranjman konsomatè ke yo pa fin konprann nèt. Poze sezi, poze sele, kredi yo ki ruine, vòl didantite, repitasyon yo ke yo pèdi ak anpil dèt ansanm ak jijman la jistis pran kont yo se rezilta a. Pou konbat gwo pwoblèm sa yo, avoka Legal Services yo founi reprezantasyon ak asistans pou fè fas ak poze sele sou salè travay ak kontanbank, Pratik koleksyon dèt ki pa jis, reposesyon machin, ak defans nan koleksyon prè etidyan. Epitou avoka yo fòme patenarya ak lòt òganizasyon pou edike rezidan yo sou dwa ak responsabilite legal yo ak fason pou yo evite vin yon viktim fwod ak move Pratik konsomatè.