Ti Komès

Jwenn aksè a sèvis legal ki kritik se yon gwo defi pou ti biznis ak kowoperasyon a bi non likratif. Anpil ti komèsan ki soti nan katye revni mwayen ak revni ki ba fòme epi opere biznis yo ak òganizasyon yo san ankenn konesans oswa asistans legal. Souvan sa debouche sou echèk prematire biznis nan. Pliske bon jan kalite asistans legal kapab koute dè santèn de dola pa è, anpil antreprenè pa anboche avoka pou byen estriktire biznis yo pou pèmèt yo reyisi.  Epitou yo pa anboche avoka sof si gentan gen pwoblèm ki rive, konfli ap menase siksè ti komès la, epi li riske ale nan pwose tribinal oswa li gentan pèdi lajan. An brèf, avoka yo sèlman enplike kòm yon dènye rekou pou “kontwole dega.”  

Legal Services of Greater Miami, Inc. chanje sa a travè sèvis legal tranzaksyonèl li ofri pou ede ti komèsan ak kliyan òganizasyon a bi non likratif reyisi. Avoka nou yo gen anpil konesans sou koze legal ki afekte ti komès piti yo ansanm ak òganizasyon a bi non likratif. Sèvis legal nou ofri yo gen ladan l fòmasyon sou kowoperasyon, ekri kontra, reprezantasyon nan negosyasyon ak rezoud dispit, ansanm ak konseye òganizasyon a bi non likratif yo epi gide devlopman kominotè.